Romans 1:31
Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun.
Bib La
In The King James Version
Without understanding, covenantbreakers, without natural affection, implacable, unmerciful:
In Context
Cross References
2 Kings 18:14Lè sa a, Ezekyas, wa peyi Jida, voye yon mesaj bay Senakerib ki te lavil Lakis. Li di l' konsa: —Sa m' fè a mal. Tanpri, pa atake m' ankò. Nenpòt kisa w'a egzije m' bay, m'ap ba ou li. Wa peyi Lasiri a egzije pou Ezekyas, wa peyi Jida a, ba li dis tòn ajan ak yon tòn lò.
Isaiah 27:11Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pa t' konprann anyen, Bondye ki te kreye l' la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l' la p'ap fè l' gras.
Jeremiah 4:22Seyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m'! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.
Romans 1:20Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.
2 Timothy 3:3Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm.