Romans 1:7
Se sak fè m'ap ekri nou, nou menm Bondye renmen anpil, nou menm Bondye rele pou viv apa pou li. Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 33:12Men sa li di pou branch fanmi Benjamen an: Se moun Seyè a renmen anpil. Y'a viv ak kè poze bò kote l'. Bondye ki anwo nan syèl la va toujou pwoteje yo, l'a moute kay li nan mitan yo.
Song of Solomon 5:1M' antre nan jaden ki pou mwen an! Sò mwen, bèl ti nègès mwen. Mwen keyi lami ak lòt fèy santi bon. Mwen manje gato myèl mwen ak tout siwo a. Mwen bwè diven m', mwen bwè lèt mwen. Mezanmi, manje manje nou! Bwè bwè nou! Fè lamou nou jouk nou sou!
Matthew 6:8Piga nou fè tankou moun sa yo. Paske, Papa nou tou konnen sa nou bezwen anvan menm nou mande li.
Acts 7:59Pandan yo t'ap voye wòch sou Etyèn, Etyèn menm t'ap lapriyè, li t'ap di: Seyè Jezi, resevwa lespri mwen.
Romans 1:6Nou menm kretyen ki nan lavil Wòm, nou fè pati nasyon sa yo tou: Bondye rele nou pou n' antre nan fanmi Jezikri a.
Romans 8:39ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an.