Romans 11:2
Non, Bondye pa voye pèp li te chwazi davans lan jete. Eske ou pa chonje sa ki ekri nan Liv la, kote y'ap rakonte ki jan Eli t'ap pote plent bay Bondye pou pèp Izrayèl la:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:1Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo sanble bò kote Arawon, yo di l' konsa: -Ann debouye nou fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa ki rive l'.
Nehemiah 9:30Pandan lontan lontan, ou pran pasyans ak yo, ou voye lespri ou sou pwofèt ou yo pou avèti yo. Men, yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande. Lè sa a, ou lage yo nan men moun lòt nasyon yo.
Jeremiah 18:19Lè sa a, mwen lapriyè, mwen di: -O Seyè! Tande sa m'ap di ou. Koute sa moun ki pa vle wè m' yo ap di sou mwen.
John 4:1Farizyen yo tande Jezi t'ap fè plis patizan pase Jan, li t'ap batize plis moun pase l' tou.
Acts 3:17Enben, koulye a, frè m' yo, mwen rekonèt se konnen nou pa t' konnen, nou menm ansanm ak tout chèf nou yo, kifè nou te aji konsa avèk Jezi.
Acts 13:48Lè moun lòt nasyon yo tande sa, yo pa t' manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè.