Romans 14:20
Piga kraze travay Bondye a poutèt yon keksyon manje. Nou ka manje tout manje, se vre. Men, sa pa bon pou nou manje kichòy ki ka lakòz yon frè tonbe nan peche.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 15:11Se pa bagay ki antre nan bouch yon moun ki ka mete l' nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye. Men se sak soti nan bouch li ki ka mete l' nan kondisyon sa a.
Acts 10:15Menm vwa a pale ankò, li di li: Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l', ou menm, pa di l' pa bon.
Romans 14:21Sa ki byen an, se lè ou pa manje vyann, ni bwè diven, ni fè okenn lòt bagay ki kapab fè frè ou tonbe nan peche.
1 Corinthians 8:8Men, manje pa ka fè nou vin pi pre Bondye. Nou pa pèdi anyen lè nou pa manje yon kalite manje, ni nou pa genyen anyen lè nou manje yon lòt kalite.
Ephesians 2:10Se Bondye ki fè nou. Nan Jezikri li kreye nou pou nou ka fè anpil bon zèv nan lavi nou, dapre sa li te pare davans pou nou te fè.
1 Timothy 4:3Y'ap plede di sa pa bon pou moun marye, gen kalite manje moun pa gen dwa manje. Men, se Bondye ki kreye manje sa yo pou moun ki gen konfyans nan li epi ki rive konn verite a ka manje lè yo fin di Bondye mèsi.