Romans 15:14
Frè m' yo, mwen gen fèm konviksyon nou gen kont bon santiman nan kè nou, nou gen kont konesans sou nou pou yonn ka bay lòt konsèy.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Corinthians 8:1Ann wè koulye a keksyon vyann bèt yo ofri bay zidòl. Se vre: nou tout nou gen konesans, jan nou di a. Sèlman, konesans fè moun gonfle ak lògèy. Men, se renmen ki pou fè nou grandi nan konfyans nan Kris la tout bon.
1 Corinthians 8:10Si yon moun ki gen konsyans li fèb wè ou, ou menm ki gen konesans, ap manje nan yon kay zidòl, sa ka ankouraje l' pou l' manje vyann bèt yo ofri bay zidòl.
1 Corinthians 13:2Menm si mwen ta gen don pou m' fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m' fè mòn yo chanje plas, si m' pa gen renmen nan kè m', mwen pa anyen.
Philippians 1:7Se tou nòmal pou m' fè lide konsa sou nou, paske nou toujou nan lespri m', nou tout ki kanpe la avè m' nan tout favè Bondye fè m', kit lè mwen nan prizon tankou koulye a, kit lè mwen te lib pou m' defann bon nouvèl la, pou m' moutre se laverite li ye.
Colossians 1:8Se li menm ki fè m' konnen renmen Lespri Bondye a ban nou.
1 Thessalonians 5:11Se poutèt sa, annou yonn ankouraje lòt, yonn ede lòt, jan nou deja ap fè l' la.