Romans 3:2
Tout jan, li gen anpil avantaj. Pou kòmanse, se jwif yo Bondye te mete reskonsab pawòl li yo.
Bib La
In The King James Version
Much every way: chiefly, because that unto them were committed the oracles of God.
In Context
1Nan kondisyon sa a, lè yon moun jwif, ki avantaj ki gen nan sa? Kisa sikonsizyon an fè pou li?
3Bon, tande non. Si gen ladan yo ki pa kenbe pawòl yo, èske poutèt sa Bondye p'ap kenbe pawòl li tou?
Cross References
Deuteronomy 4:7Paske pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l' gran, ki gen yon Bondye toupre yo, yon Bondye k'ap kanpe la avèk yo, tankou Seyè a, Bondye nou an, fè l' pou nou chak fwa nou rele l'.
Psalms 78:4Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Seyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l' gen pouvwa, jan l' gen fòs, jan li fè gwo mèvèy.
Psalms 147:19Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.
Ezekiel 20:11Mwen ba yo lòd mwen, mwen fè yo konnen prensip mwen yo, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo.
Luke 16:29Abraram reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo.
Acts 7:38Se li menm ki te la ak pèp Izrayèl la lè yo te sanble nan gwo dezè a; li te la avèk zansèt nou yo ansanm ak zanj Bondye a ki t'ap pale avè l' sou gwo mòn Sinayi a. Se li menm ki te resevwa pawòl ki bay lavi a nan men Bondye epi ki pase yo ban nou.