The Bible Software
bible.software › Romans › Romans 7 › Romans 7:6

Romans 7:6

Koulye a, nou pa gen angajman ak lalwa ankò. Nou mouri annegad lalwa ki te kenbe nou prizonye a. Se sak fè nou ka sèvi Bondye yon lòt jan, anba otorite Sentespri a. Nou p'ap sèvi l' ankò jan n' te konn sèvi l' nan tan lontan an, anba otorite lalwa ki ekri nan Liv la.

Bib La

In The King James Version

But now we are delivered from the law, that being dead wherein we were held; that we should serve in newness of spirit, and not in the oldness of the letter.

In Context

5Lè n' t'ap viv anba pouvwa lachè, tout vye dezi lalwa te fè leve nan kè nou yo t'ap travay nan tout kò nou, yo te fè nou fè bagay ki t'ap mennen nou nan lanmò.

7Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m' konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pa t' di m': Piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou nou.

Read all of Romans 7

Cross References

Ezekiel 36:26M'ap mete lòt santiman nan kè nou. M'ap mete lòt lide nan tèt nou. M'ap wete tèt di nou an, m'ap fè nou tande lè m' pale nou.

Romans 2:27Moun lòt nasyon yo ki pa sikonsi men k'ap obeyi lalwa a, yo gen pou yo jije ou, ou menm jwif k'ap dezobeyi lalwa a atout ou gen liv lalwa a nan men ou, atout ou sikonsi a.

Romans 6:4Se sak fè, avèk batèm nou an nou te antere ansanm avè l', nou te mouri ansanm avè l' tou. Men, menm jan Papa a te fè l' leve soti nan lanmò avèk gwo fòs pouvwa li, konsa tou nou menm nou ka mennen yon lòt lavi.

Romans 6:14Peche pa dwe donminen sou nou, paske nou pa anba pouvwa lalwa Moyiz la ankò, se anba favè Bondye a nou ye.

Romans 6:22Men, koulye a nou delivre anba peche a, nou se esklav Bondye, se sak fè n'ap viv apa pou Bondye; epi bout pou bout n'a resevwa lavi ki p'ap janm fini an.

Romans 7:4Se menm jan an tou pou nou menm, frè m' yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Koulye a, se nan men moun ki te leve soti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Romans 7:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)
← Romans 7:5Romans 7Romans 7:7 →