Romans 7:11
Peche a pwofite okazyon an, li twonpe m' ak kòmandman an. Se konsa, li fè mwen mouri ak tout kòmandman an.
Bib La
In The King James Version
For sin, taking occasion by the commandment, deceived me, and by it slew me.
In Context
10Epi mwen menm, mwen mouri. Se konsa kòmandman ki te pou ban m' lavi a, se li menm ki ban m' lanmò.
Cross References
Isaiah 44:20Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.
Jeremiah 49:16Se awogans ou ki fè ou pèdi tèt ou. Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l' la. Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo. Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini, m'ap fè ou desann. Se Seyè a menm ki di sa.
Romans 7:8Peche a pwofite okazyon kòmandman an pou l' fè m' gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri.
Ephesians 4:22Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l' yo ki t'ap twonpe nou.
James 1:22Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n'ap twonpe.