Romans 9:14
Bon, kisa sa vle di? Bondye gen lè ap fè lenjistis? Men non.
Bib La
In The King James Version
What shall we say then? Is there unrighteousness with God? God forbid.
In Context
13Dapre sa ki te ekri: Mwen renmen Jakòb, mwen rayi Ezaou.
Cross References
Genesis 18:25Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
2 Chronicles 19:7Se pou nou gen krentif pou Seyè a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fè, paske Seyè a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fè pa yo.
Job 34:10Nou menm ki gen lespri, koute sa m'ap di. Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri.
Job 35:2-Pa konprann ou gen rezon lè w'ap di ou inonsan devan Bondye,
Psalms 145:17Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.
Romans 2:5Men, w'ap fè tèt di. Ou pa soti pou chanje lavi ou. Se poutèt sa, w'ap pare yon pi gwo chatiman mete la tann ou pou jou Bondye va fè wè kòlè li ansanm ak jijman li k'ap fèt san patipri.