Ruth 2:13
Rit reponn li: -Ou pa konn sa ou fè la a pou mwen, msye! Jan ou pale byen avè m' la a, sa ban m' kouraj, malgre mwen pa vo yonn nan medam k'ap sèvi avè ou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 33:8Ezaou mande l': -Moun mwen kontre pi devan an, poukisa ou te voye yo? Jakòb reponn li: -Se pou m' te ka fè kè ou kontan.
Genesis 33:15Ezaou di l': -Bon. m'a kite kèk moun nan moun pa m' yo avè ou? Jakòb reponn: -Se pa nesesè. Yon sèl bagay mwen mande, se pou mèt mwen bliye tout bagay.
Genesis 43:14M'ap mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' fè nonm lan aji byen ak nou, pou l' ka renmèt nou ni lòt frè nou an, ni Benjamen. Pou mwen menm, si se pou m' pèdi pitit mwen yo, mwen mèt pèdi yo.
1 Samuel 1:18Ana reponn li: -M' espere ou p'ap janm bliye m'! Epi li leve, l' al fè wout li. Li manje. Depi lè sa a, li pa t' menm moun lan ankò.
2 Samuel 16:4Wa a di Ziba konsa: -Depi jòdi a, tou sa ki te pou Mefibochèt se pou ou yo ye. Ziba reponn li: -Men mwen lage kò m' nan pye ou, monwa. Mwen mande pou ou toujou kontan avè m'.
Hosea 2:16Jou sa a, l'a rele m' mari l', li p'ap rele m' Baal li ankò. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di sa.