Song of Solomon 8:9
Si se yon miray li ye, n'a bati yon gwo fò won an ajan sou li. Si se yon pòt li ye, n'a fèmen l' ak batan sèd, n'a kouvri l' ak panno bwa sèd.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Nou gen yon ti sè, li poko menm pouse tete. Kisa pou nou fè pou li si yon jenn gason vin ap file l'?
Cross References
Song of Solomon 1:11Men, n'ap fè yon chenn lò pou ou ak ti moso ajan kole ladan l'.
Isaiah 58:12N'a rebati vye kay nou yo ki te fin tonbe. N'a moute lòt kay sou ansyen miray fondasyon tan lontan yo. Y'a rele nou moun ki konn repare miray fann yo, moun ki konn balize granchemen yo, moun k'ap refè kay ki kraze yo pou moun ka vin rete nan peyi a ankò.
Isaiah 61:4Yo gen pou yo rebati sou anplasman vye lavil yo. Y'a repare kay moun yo te bandonnen depi lontan. Y'a rebati lavil ki te fin kraze yo, kay ki te fin tounen mazi depi lontan yo.
Matthew 16:18Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l' anyen.
Acts 15:16Apre sa, m'a retounen. Se Bondye k'ap pale. M'a rebati kay David la ki te fin tonbe, m'a repare mazi li yo, m'a kanpe kay li a ankò.
Ephesians 2:20Nou menm moun lòt nasyon yo, nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a, men se Jezikri menm ki gwo wòch ki kenbe kay la kanpe a.