Zephaniah 3:4
Pwofèt yo pa serye. Pesonn pa ka fye yo. Prèt yo menm pa respekte bagay ki apa pou Bondye. Yo fè lalwa Bondye a di sa yo vle.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:22Eli te fin granmoun. Li te tande moun ap di tou sa pitit gason l' yo t'ap fè moun Izrayèl yo pase, jan yo te menm rive kouche ak medam ki t'ap travay nan pòtay devan Kay Randevou a.
Isaiah 56:10Li di: -Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha.
Jeremiah 6:13Yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni prèt yo ni pwofèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.
Jeremiah 14:13Lè sa a mwen di: -Bondye ki gen tout pouvwa a, ou konnen jan pwofèt yo ap plede di pèp la yo pa bezwen pè, p'ap gen lagè, grangou p'ap tonbe sou yo, paske ou te pwomèt y'ap toujou viv ak kè poze nan peyi a.
Jeremiah 23:10Peyi a plen moun ki vire do bay Bondye. Madichon Bondye fè tout peyi a nan lapenn. Jaden zèb yo fin cheche. Tout moun deyò pou fè sa ki mal. Yo pran fòs kouraj yo pou fè sa ki pa dwat.
Jeremiah 23:25Mwen tande tou sa pwofèt yo di lè yo pran non m' pou bay manti, lè yo pretann yo te fè vizyon nan rèv.