1 Corinthians 11:17
Pou sa m'ap di nou koulye a, mwen pa fè nou konpliman menm, paske lè nou reyini nou fè tèt nou plis tò pase nou fè tèt nou byen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 19:17Piga nou kenbe frè nou nan kè. Si yo gen kichòy avèk nou, regle sa la pou la. Konsa, yo p'ap lakòz nou tonbe nan peche.
Isaiah 1:13Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p'ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n'ap ofri m' lan. Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo, jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n'ap fè yo. M' pa ka sipòte fèt moun k'ap fè mechanste yo ap fè pou mwen.
Jeremiah 7:9Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan.
1 Corinthians 11:2Mwen fè nou konpliman pou jan nou toujou chonje m', pou jan nou kenbe tout bagay mwen te moutre nou.
1 Corinthians 11:22Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n' manje, pou n' bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, èske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m' fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa!
1 Corinthians 14:23Lè tout legliz la sanble, sipoze tout moun ap pale langaj, si yon moun deyò osinon yon moun ki pa kwè vin antre kote nou ye a, èske li p'ap di se yon bann moun fou nou ye?