The Bible Software
bible.software › 1 Corinthians › 1 Corinthians 14 › 1 Corinthians 14:25

1 Corinthians 14:25

Tout lide li te gen kache nan kè l' ap parèt deyò. Lè sa a, la bese tèt li, la adore Bondye, la di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou.

Bib La

In The King James Version

And thus are the secrets of his heart made manifest; and so falling down on his face he will worship God, and report that God is in you of a truth.

In Context

24Men, si tout moun ap bay mesaj ki soti nan Bondye, lè sa a yon moun ki pa kwè, osinon yon moun deyò, si l' vin rive, sa la tande a va fè l' wè aklè se nan peche l'ap viv. Tou sa l'ap tande a pral jije li.

26Pou fini, kisa m' vle di menm, frè m' yo? Lè nou sanble pou sèvis Bondye a yon moun va gen yon kantik pou l' chante, yon lòt va gen kichòy pou l' moutre nou, yon lòt va gen yon revelasyon pou l' bay, yon lòt ankò va gen yon mesaj an langaj, yon lòt menm va bay esplikasyon mesaj la: Se pou tou sa k'ap fèt ede legliz la grandi nan lafwa.

Read all of 1 Corinthians 14

Cross References

Genesis 44:14Lè Jida ak frè l' yo rive lakay Jozèf, Jozèf te la toujou. Yo bese tèt yo jouk atè devan li.

1 Samuel 9:19Samyèl reponn li: -Se mwen menm divinò a! Pran devan m', moute sou mòn lan. W'a manje avè m' jòdi a. Denmen maten, m'a reponn tout keksyon ou gen sou kè ou. Apre sa, m'a kite ou al fè wout ou.

Isaiah 45:14Men sa Seyè a di ankò: -Tout pwofi travay moun Lejip yo ak pwofi kòmès moun Letiopi yo pral vin pou nou. Moun bèl wotè ki rete nan peyi Seba yo va pase nan peyi nou an, y'a vin esklav nou. Y'a mache dèyè nou tankou prizonye nan chenn. Y'a mete ajenou devan nou, y'a lapriyè nan pye nou, y'a di: Se lakay nou ase Bondye rete. Nanpwen lòt bondye tankou li. Nanpwen lòt bondye pase l'.

Zechariah 8:23Wi, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè sa a, dis moun ap soti nan lòt peyi kote yo pale lòt lang, y'a kenbe yon jwif nan rad, y'a di l': Nou vle ale avè ou, paske nou tande se avèk jwif yo Bondye ye.

Luke 8:28Lè l' wè Jezi, li bay yon gwo rèl, li lage kò l' atè devan Jezi, li pran pale byen fò, li di li konsa: Kisa m' gen avè ou, Jezi, Pitit Bondye ki anwo nan syèl la? Tanpri souple, pa fè m' soufri.

Revelation 5:8Lè li pran liv la, kat bèt vivan yo ansanm ak vennkat granmoun yo tonbe ajenou devan ti Mouton an. Yo chak te gen nan men yo yon gita pou fè mizik ak yon gode fèt an lò ki te plen lansan. Lansan an se lapriyè moun Bondye yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study 1 Corinthians 14:25

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesJohn LightfootGeneva Bible Notes (1599)Robertson's Word Pictures
← 1 Corinthians 14:241 Corinthians 141 Corinthians 14:26 →