1 Corinthians 14:26
Pou fini, kisa m' vle di menm, frè m' yo? Lè nou sanble pou sèvis Bondye a yon moun va gen yon kantik pou l' chante, yon lòt va gen kichòy pou l' moutre nou, yon lòt va gen yon revelasyon pou l' bay, yon lòt ankò va gen yon mesaj an langaj, yon lòt menm va bay esplikasyon mesaj la: Se pou tou sa k'ap fèt ede legliz la grandi nan lafwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Romans 14:19Se sak fè, ann toujou chache bagay ki kapab ede nou viv ak kè poze, bagay ki pou penmèt nou yonn soutni lòt nan konfyans nou nan Bondye.
1 Corinthians 14:4Moun k'ap pale langaj, se konfyans pa l' ase l'ap bay fòs. Men, moun k'ap bay mesaj ki soti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fòs.
1 Corinthians 14:27Si gen moun k'ap pale langaj, fòk gen de ou twa pa plis, epi yonn apre lòt. Se pou gen yon moun tou k'ap esplike sa y'ap di a.
2 Corinthians 12:19Nou dwe mete nan tèt nou koulye a se chache m'ap chache defann tèt mwen devan nou? enben non! M'ap pale jan Kris la vle l' la, mwen pran Bondye pou temwen: Mwen di nou tout bagay sa yo, mezanmi, pou nou ka grandi nan lafwa.
Ephesians 4:12Konsa, li byen òganize pèp Bondye a pou yo chak fè travay sèvis yo, pou kò Kris la ka grandi nan konfyans.
Ephesians 4:29Pa kite ankenn move pawòl soti nan bouch nou. Pale bon koze ki ka ede lòt yo grandi nan konfyans Bondye, koze ki ka ede yo lè yo nan move pa. Konsa, se yon byen n'a fè pou moun k'ap tande nou yo.