Romans 9:33
jan sa te ekri a: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch k'ap fè moun bite wi, yon gwo wòch k'ap fè moun tonbe. Men, moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 25:20Pwoteje m' non! Delivre m' non! Piga ou fè m' wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache.
Isaiah 8:14Paske se mwen menm ki yon Bondye apa. M'ap tounen yon wòch k'ap fè nou bite, yon wòch k'ap fè moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo tonbe! M'ap tounen yon move pa, yon pèlen pou moun lavil Jerizalèm yo.
Isaiah 45:17Men, Seyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pesonn jouk sa kaba.
Joel 2:26Nou pral manje plen vant nou. N'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.
Matthew 21:44Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l' kraze l' an miyèt moso.
Romans 10:11dapre sa ki ekri nan Liv la: Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm soti wont.