1 Kings 9:21
Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye pou Bondye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Te gen moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Cross References
Genesis 9:25Li di. Madichon pou Kanaran! Se pou l' tounen dènye klas esklav frè l' yo.
Joshua 16:10Men yo pa t' rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.
Joshua 17:16Moun fanmi Jozèf yo di l' ankò: -Mòn lan pa kont pou nou. Lèfini, moun Kanaran ki rete nan plenn yo gen cha an fè pou fè lagè. Moun Kanaran ki rete Bèt Chean ak nan ti bouk ki sou lòd yo, ansanm ak sa ki rete nan plenn Jizreyèl yo gen menm kalite cha a tou.
Judges 1:27Moun branch fanmi Manase yo pa t' rive mete tout moun deyò nan lavil Bèt Chean, nan lavil Tanak, nan lavil Dò, nan lavil Jibleyam, nan lavil Megibo ak nan tout ti bouk ki te sou kont yo. Konsa, moun Kanaran yo te toujou ap viv nan peyi a.
Judges 2:20Seyè a te fache anpil sou pèp Izrayèl la. Li di konsa: -Nasyon an kase kontra mwen te mande zansèt yo kenbe a. Yo pa vle koute m'.
1 Kings 9:15Wa Salomon te fè moun fè kòve pou bati tanp Seyè a ak palè pa l' la, pou mete ranblè plen bò solèy leve lavil la ak pou bati gwo miray lavil la. Li sèvi ak moun kòve yo tou pou l' rebati lavil Azò, lavil Megido ak lavil Gezè.