1 Samuel 2:3
Sispann pale avèk lògèy. Pa kite pawòl radiyès soti nan bouch nou. Paske Seyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay. Li jije tou sa moun ap fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Pa gen Bondye tankou Seyè a. Non, pa gen tankou l'. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.
4L'ap kraze zam ki nan men vanyan sòlda yo. Men l'ap bay moun ki fèb yo fòs kouraj.
Cross References
Joshua 22:22-Seyè a, Bondye ki gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, konnen se pa paske nou leve kont li, ni paske nou vle vire do ba li kifè nou bati lotèl sa a. Li konnen sa, epi se pou l' fè pèp Izrayèl la konn sa tou. Si se pou rezon sa yo nou te moute lotèl sa a, se pou l' kite yo touye nou jòdi a menm.
1 Samuel 16:7Men Granmèt la di l': -Pa gade sou bèl aparans li, ni sou bèl wotè li. Paske mwen mete l' sou kote. Mwen pa jije valè yon moun jan lèzòm fè l' la. Lèzòm gade sou sa ki parèt devan je yo. Men, mwen menm mwen gade sa ki nan kè moun.
Job 31:6Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat.
Psalms 94:4Kilè moun k'ap fè sa ki mal yo va sispann fè grandizè? Kilè y'a sispann fè bèl diskou pou rakonte krim yo fè?
Psalms 147:5Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.
Proverbs 16:2Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo.