1 Samuel 22:2
Lè sa a, tout moun ki te gen pwoblèm, tout moun ki te dwe lajan, tout moun ki pa t' kontan sitiyasyon an vin jwenn li. David vin chèf yo. Te gen katsan (0400) gason konsa antou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 18:25Moun Dann yo di l' konsa: -Pa pale fò sou nou konsa, tande. Mesye yo va fache. Y'a tonbe sou ou. Lè sa a, ni ou ni moun lakay ou yo, n'a pèdi lavi nou.
1 Samuel 9:16-Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki soti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l' apa pou l' chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou.
1 Samuel 25:13David di yo: -Pran nepe nou, pase yo nan ren nou. Yo tout pase nepe yo nan ren yo. David tou. Lèfini, katsan (0400) nan mesye yo ale avèk David. Lòt desan yo (0200) rete dèyè ak pwovizyon yo.
1 Samuel 30:6David te nan gwo tèt chaje paske mesye l' yo te fache anpil deske yo te pèdi pitit gason yo ak pitit fi yo, yo te fè lide touye David ak kout wòch. Men, Seyè a, Bondye li a, te ba l' kont kouraj.
1 Samuel 30:24Pesonn pa ka dakò ak sa n'ap di la a. Nou pral separe bay chak moun sa ki pou yo: sa ki te rete dèyè nan kan an ap resevwa menm kantite ak sa ki te desann al goumen.
2 Samuel 17:8Ou konnen jan papa ou ak moun pa li yo vanyan gason? Koulye a, yo move tankou yon manman lous ki pèdi pitit li. Papa ou se yon sòlda ki gen anpil esperyans nan fè lagè. Li p'ap janm rete pase lannwit menm kote ak moun li yo.