1 Thessalonians 4:8
Se poutèt sa, moun ki pa asepte pawòl sa a, se pa pawòl lèzòm li pa koute, se pawòl Bondye ki ban nou Sentespri l' la menm li pa koute.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 10:19Se mwen menm Bondye nou an ki te pwoteje nou nan tout move pa, nan tout kè sere, epi koulye a n'ap voye m' jete, n'ap di m' se yon wa pou m' mete gouvènen nou! Enben, nou tout, vini non devan Seyè a. Sanble tout moun, branch fanmi pa branch fanmi, fanmi pa fanmi. Fè yo parèt devan li.
Proverbs 1:7Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann.
Isaiah 49:7Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a. Li di yo: Wa va leve kanpe lè y'a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y'a fè sa poutèt Seyè a k'ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.
Luke 10:16Li di disip li yo ankò: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m', se moun ki voye m' lan yo repouse.
Acts 5:3Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou?
Romans 5:5Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l' renmen nou lè li ban nou Sentespri li.