2 Chronicles 10:1
Woboram moute lavil Sichèm, paske se la tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa.
Bib La
In The King James Version
And Rehoboam went to Shechem: for to Shechem were all Israel come to make him king.
In Context
Cross References
Genesis 12:6Abram mache nan tout peyi a, jouk li rive kote yo rele Sichèm, bò pye bwadchenn More a. Lè sa a se moun Kanaran yo ki te rete nan peyi a.
Joshua 20:7Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.
Judges 9:1Abimelèk, pitit gason Jewoubaal ki te rele Jedeyon tou, ale lavil Sichèm kote frè menm manman avè l' yo te rete. Li pale ak yo ansanm ak tout fanmi papa manman l' yo, li di yo:
1 Kings 12:1Woboram moute lavil Sichèm kote tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa.
1 Chronicles 12:38Tout sòlda sa yo, ki te tou pare pou fè lagè, te vin jwenn David lavil Ebwon ak tout kè yo. Yo te soti pou yo te fè l' wa sou tout peyi Izrayèl la. Tout rès pèp Izrayèl la te vini ak menm lide a tou: fè David wa.
Matthew 1:7Salomon te papa Woboram; Woboram te papa Abya; Abya te papa Asa.