2 Chronicles 34:33
Jozyas fè disparèt tout vye zidòl sal nan peyi ki te pou moun pèp Izrayèl yo. Li mete tout moun ki te rete nan peyi Izrayèl la nan obligasyon pou yo sèvi Seyè a, Bondye yo a. Se konsa pandan tout tan Jozyas te vivan an, tout pèp la te kenbe pye Seyè a, Bondye zansèt yo a, fèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 11:5Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an.
2 Chronicles 34:3Jozyas t'ap mache sou witan depi li te wa lè li konmanse chache konnen volonte Bondye David, zansèt li a. Lè sa a li te yon jenn gason toujou. Li t'ap mache sou douzan depi li te wa lè li konmanse fè detwi tout tanp zidòl, tout pòtre Achera, tout lòt estati an bwa ak an bwonz nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm.
2 Chronicles 34:5Li boule zosman prèt zidòl yo sou lotèl kote yo te konn fè sèvis pou yo a. Se konsa li mete tout peyi Jida a ak lavil Jerizalèm nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Jeremiah 4:1Men sa Seyè a di ankò: -Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre, se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen. Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m', si nou sispann lage kò nou nan raje,