The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 34 › 2 Chronicles 34:5

2 Chronicles 34:5

Li boule zosman prèt zidòl yo sou lotèl kote yo te konn fè sèvis pou yo a. Se konsa li mete tout peyi Jida a ak lavil Jerizalèm nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

Bib La

In The King James Version

And he burnt the bones of the priests upon their altars, and cleansed Judah and Jerusalem.

In Context

4Li fè yo demoli devan je li tout lotèl kote yo te fè sèvis pou Baal yo. Li fè yo kraze tout recho kote yo te boule lansan sou lotèl yo. Li fè yo kraze an miyèt moso pòtre Achera ak pòtre tout lòt zidòl ak estati an bwonz yo. Apre sa, yo fè yo tounen poud, yo simen poud la sou tonm moun ki te konn fè sèvis pou yo.

6Li fè menm bagay la tou nan lavil ki nan zòn moun Manase, moun Efrayim, ak moun Simeyon yo rive nan zòn moun Neftali yo ak nan tout ti bouk ki te nan vwazinaj yo.

Read all of 2 Chronicles 34

Cross References

1 Kings 13:2Dapre lòd Seyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesaj sa a sou lotèl la: -Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Seyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y'ap rele l' Jozyas. L'ap vini, l'ap pran tout prèt k'ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k'ap boule lansan sou ou yo, l'ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y'a boule zosman moun.

2 Kings 23:20Li mete men sou tout prèt zidòl li te jwenn la yo, li touye yo sou lotèl yo. Lèfini, li boule zosman moun sou yo. Apre sa, li tounen tounen l' lavil Jerizalèm.

2 Chronicles 34:33Jozyas fè disparèt tout vye zidòl sal nan peyi ki te pou moun pèp Izrayèl yo. Li mete tout moun ki te rete nan peyi Izrayèl la nan obligasyon pou yo sèvi Seyè a, Bondye yo a. Se konsa pandan tout tan Jozyas te vivan an, tout pèp la te kenbe pye Seyè a, Bondye zansèt yo a, fèm.

Jeremiah 4:14Moun Jerizalèm, lave mechanste ki nan kè nou pou nou ka sove. Kilè n'a sispann fè move lide nan tèt nou?

Ezekiel 22:24-Nonm o! W'a di moun pèp Izrayèl yo yo rete nan yon peyi ki gen madichon. Wi, lè m'a move sou yo, yo p'ap jwenn yon degout lapli.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 34:5

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 34:42 Chronicles 342 Chronicles 34:6 →