2 Corinthians 12:21
Mwen pè pou lè m' rive lakay nou, Bondye m'ap sèvi a pa rabese m' ankò devan nou, pou m' pa bezwen nan kriye pou anpil nan nou ki te fè peche anvan sa, epi ki pa tounen vin jwenn Bondye, men ki toujou rete nan malpwòpte yo, nan imoralite yo, nan tout vis yo t'ap fè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:31Moyiz tounen bò kote Seyè a. Li di l': -Ou wè gwosè peche pèp la fè. Yo fè yon estati an lò pou sèvi yo bondye.
Deuteronomy 9:25Se konsa mwen lage kò m' fas atè devan Seyè a, pandan karant jou ak karant nwit, paske Seyè a te di l'ap disparèt nou.
Ezra 9:3Lè m' tande sa, mwen vin gen yon sèl lapenn, mwen chire rad sou mwen, mwen rache cheve nan tèt mwen ak plim bab mwen.
Psalms 119:136Dlo ap kouri nan je m' tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
Jeremiah 13:17Si nou pa koute l', mwen pral kache kò m' yon kote pou m' kriye, paske nou gen twòp lògèy. Je m' pral koule dlo, yo pral ponpe dlo, paske yo pral fè pèp Seyè a prizonye, yo pral depòte yo.
Romans 9:2Kè m' sere anpil, se pa yon ti lapenn mwen santi k'ap manje m' tout tan.