2 Timothy 1:5
Mwen pa janm bliye jan ou gen konfyans nan Bondye ak tout kè ou. Lòyis, grann ou, ak Enis, manman ou, te gen konfyans konsa nan li tou. Wi, mwen sèten ou gen menm konfyans sa a tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Mwen chonje jan ou te nan lapenn. Se pa ti anvi m' anvi wè ou pou kè m' ka kontan nèt.
6Se poutèt sa, m'ap mande ou pou kenbe kado Bondye te ba ou lè m' te mete men sou tèt ou a.
Cross References
Psalms 17:1Se yon lapriyè David. Seyè, koute kòz mwen lè m' gen rezon! Pran ka m', lè m'ap rele nan pye ou! Koute m' non, lè m'ap lapriyè ou, paske mwen p'ap bay manti.
Psalms 22:10(022:11) Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen.
Psalms 77:6(077:7) Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di:
Psalms 86:16Voye je ou sou mwen. Gen pitye pou mwen! Ban m' fòs ankò, delivre m', paske mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou.
Jeremiah 3:10Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
Acts 16:1Apre sa, Pòl ale lavil Dèb epi l' rive lavil List. Nan List te gen yon disip yo rele Timote. Manman l' te yon jwif ki te kwè nan Jezi tou, men papa l' te yon moun peyi Lagrès.