2 Timothy 2:26
Lè konsa, y'a reprann bon sans yo, y'a chape kò yo soti nan pèlen Satan ki te mete men sou yo pou l' te fè yo fè sa l' vle.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 1:12Seyè a di Satan: -Bon! Ou mèt fè sa ou vle ak byen l' yo. Men, m' tou pale ou, li menm, pa manyen l'! Se konsa Satan vire do l', li ale.
Psalms 124:7Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.
Isaiah 28:13Se poutèt sa, Seyè a pral pale ak nou, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson. Lè sa a, n'a pral bite, nou pral tonbe sou dèyè, nou pral kase pye nou, nou pral pran nan pèlen, y'ap fè nou prizonye.
Isaiah 49:25Men sa Seyè a reponn: Wi! Yo ka wete nan men yon vanyan sòlda sa li pran nan lagè. Yo ka lage prizonye ki anba men yon gwo chèf. M'ap goumen pou nou ak tout moun k'ap fè nou lagè. M'a delivre pitit nou yo.
Matthew 12:28Men, si se avek Lespri Bondye m'ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gen tan rive sou nou.
Luke 15:17Se lè sa a atò li pran kalkile sou sitiyasyon l'. Li di konsa: Gade kantite moun k'ap travay kay papa m' pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m'ap mouri grangou isit la.