3 John 1:7
Paske, se pou sèvis Kris la y'ap fè vwayaj sa a. Yo pa asepte okenn konkou nan men moun ki pa konn Bondye.
Bib La
In The King James Version
Because that for his name’s sake they went forth, taking nothing of the Gentiles.
In Context
Cross References
2 Kings 5:15Lè sa a li tounen bò kote sèvitè Bondye a ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Li kanpe devan l', li di l' konsa: —Koulye a, mwen konnen pa gen Bondye lòt kote sou latè pase nan peyi Izrayèl la. Tanpri, resevwa kado m'ap ba ou la a.
Acts 5:41Apòt yo kite Gran Konsèy la. Yo te kontan dèske Bondye te wè yo merite pou moun te avili yo konsa poutèt non Jezi.
Acts 9:16Mwen menm, m'a moutre l' tou sa li gen pou l' soufri pou mwen.
1 Corinthians 9:18Ki jan yo peye m' atò? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvèl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bon nouvèl la.
2 Corinthians 11:7Lè m' te anonse nou bon nouvèl Bondye a, mwen te fè sa gratis pou nou, mwen te desann tèt mwen pou m' te ka fè nou kanpe. Eske mwen te gen tò lè m' te fè sa?
Colossians 1:24Koulye a, mwen kontan anpil dèske m'ap soufri pou nou. Paske, lè m'ap soufri nan kò pa m' konsa, m'ap bay pòsyon pa m' pou konplete tou sa ki manke nan soufrans Kris la pou legliz la ki kò li.