3 John 1:8
Se poutèt sa, moun konsa, nou menm patizan Kris yo, nou fèt pou soutni yo pou nou ka patisipe nan travay y'ap fè pou verite a.
Bib La
In The King James Version
We therefore ought to receive such, that we might be fellowhelpers to the truth.
In Context
Cross References
Psalms 94:16Kilès ki va kanpe pou mwen kont mechan yo? Kilès ki va pran pou mwen kont moun k'ap fè mal yo?
Matthew 10:40Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m' lan tou.
1 Corinthians 3:5Lè ou gade byen, ki moun ki Apolòs la? Ki moun ki Pòl la? Nou tou de se sèvitè Bondye nou ye. N'ap travay pou nou menm, moun Korent yo, nou te ka rive kwè. Chak moun te fè travay Mèt la te ba l' fè.
2 Corinthians 6:1Se poutèt sa, mwen menm k'ap travay ak Bondye, mwen mande nou pou nou pa kite favè nou resevwa nan men Bondye a gaspiye.
2 Corinthians 8:23Konsa, Tit se yon bon zanmi m' k'ap travay ansanm avè m' pou nou. Pou lòt frè ki avè l' yo, se legliz yo ki voye yo. Se yon lwanj pou Kris la.
Colossians 4:11Jezi, ki gen yon ti non Joustous, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k'ap travay avè m' pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m' anpil kouraj.