Genesis 9:27
Se pou Bondye mete sou byen Jafè yo. Se pou pitit pitit Jafè yo viv byen ak pitit Sèm yo. Se pou Kanaran tounen esklav yo.
Bib La
In The King James Version
God shall enlarge Japheth, and he shall dwell in the tents of Shem; and Canaan shall be his servant.
In Context
26Li di ankò. Lwanj pou Seyè a, Bondye Sèm lan. Se pou Kanaran tounen esklav Sèm.
28Apre gwo inondasyon an, Noe viv twasansenkantan (0350 an).
Cross References
Isaiah 11:10Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti kreyòl ki va soti nan chouk fanmi Izayi a va kanpe tankou yon siy pou tout nasyon yo. Moun va soti toupatou pou yo vin bò kote l'. Y'a fè lwanj li nan lavil kote l' rete a.
Malachi 1:11Toupatou sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y'ap boule lansan pou mwen, y'ap ofri m' bagay ki bon pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
Romans 11:12Fòt jwif yo fè a tounen yon richès pou tout moun. Tonbe yo tonbe a, sa vin yon gwo benediksyon pou moun lòt nasyon yo. Nou pa bezwen mande ki gwo benediksyon sa va ye lè tout jwif yo va delivre!
Ephesians 2:13Men koulye a, nan Jezikri, nou menm ki yon lè t'ap viv lwen Bondye, nou vin toupre l', gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an.
Ephesians 3:6Men sekrè a: Nan Jezikri, ak pouvwa bon nouvèl la, moun ki pa jwif yo gen pou resevwa ansanm ak jwif yo pòsyon pa yo nan byen Bondye a. Yo se manm yon menm kò ansanm ak jwif yo, y'ap jwenn pa yo ansanm ak yo tou nan menm pwomès Bondye te fè a.
Hebrews 11:9Paske li te gen konfyans nan Bondye, se anba tant twal li te rete. Li t'ap viv nan peyi Bondye te pwomèt li a tankou yon etranje ki depasaj. Se konsa Izarak ak Jakòb te fè tou, yo menm ki te resevwa menm pwomès la nan men Bondye.