Akdèzapot 28:31
Li t'ap fè konnen gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap moutre moun yo tout bagay sou Jezikri, Seyè a, kareman san pesonn pa janm chache l' kont.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Pòl te rete pandan dezan nan yon kay li te lwe. Li te resevwa tout moun ki te vin wè li.
Cross References
Matthew 4:23Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.
Luke 8:1Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesaj la, li t'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li.
Acts 4:31Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.
Acts 8:12Men, lè Filip anonse bon nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l' fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la; fanm kou gason resevwa batèm.
Acts 23:11Jou lannwit sa a, Pòl wè Seyè a ki di li: Kouraj! Menm jan ou kanpe bay verite a pou mwen isit la lavil Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou ou al kanpe bay verite a pou mwen lavil Wòm.
Ephesians 6:19Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m' pale, pou m' ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bon nouvèl la.