Akdèzapot 4:23
Lage yo lage yo, Pyè ak Jan al jwenn gwoup zanmi yo, yo rakonte yo tou sa chèf prèt yo ak ansyen yo te di.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Nonm ki te geri gremesi mirak apòt yo te fè a te gen karantan pase.
Cross References
Psalms 42:4(042:5) Kè m' ap fann lè m' chonje bagay tan lontan: mwen te konn mache ansanm ak yon foul moun, ki te konn ale lakay Bondye. Moun yo te konn fè fèt, yo te konn chante, yo t'ap di Bondye mèsi.
Proverbs 13:20Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.
Acts 1:13Lè yo rive Jerizalèm, yo moute nan chanm anwo kay kote yo konn ye a. Lè sa a te gen Pyè, Jan, Jak ak Andre, Filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, nonm patriyòt la, epi Jid, pitit Jak la.
Acts 12:11Se lè sa a Pyè vin konprann sak te rive li a. Li di: Koulye a, mwen wè se tout bon. Bondye voye zanj li delivre m' anba men Ewòd. Li sove m' anba tout bagay pèp jwif la t'ap pare pou mwen an.
2 Corinthians 6:14Pa mete tèt nou ansanm ak moun ki pa gen konfyans nan Kris la: Se pa sosyete konsa ki bon pou nou. Ki jan nou ta vle wè sa pou bagay ki bon, bagay ki dwat, mele ak bagay ki mal? Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?