Akdèzapot 4:24
Lè disip yo tande sa, yo tout mete tèt ansanm pou lapriyè Bondye konsa: O Mèt, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 19:15Epi li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: —Seyè ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fotèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a.
Nehemiah 9:6Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.
Psalms 62:5(062:6) Wi, se sou Bondye ase pou m' konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.
Psalms 109:29Se pou moun ki pa vle wè m' yo wont, se pou dezonè tonbe sou yo.
Isaiah 51:12Seyè a di: -Se mwen menm k'ap ban nou kouraj. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?
Jeremiah 20:13Chante pou Seyè a. Fè lwanj li! Li rache pòv malere yo anba men mechan yo.