Akdèzapot 7:30
Karantan apre sa, yon zanj Bondye parèt devan Moyiz nan yon flanm dife ki t'ap boule yon ti touf bwa nan mitan dezè ki bò Mòn Sinayi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:15Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Abraram yon dezyèm fwa, li di l' konsa:
Genesis 48:15Li beni Jozèf, li di l': -Se pou Bondye zansèt mwen yo, Bondye Abraram ak Izarak te sèvi tout lavi yo a, beni timoun sa yo. Se pou Bondye ki te pran swen mwen depi lè m' te fèt jouk jòdi a beni timoun yo.
Exodus 3:6Bondye di ankò: -Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la. Moyiz bouche figi l', paske li te pè gade Bondye.
Exodus 19:1Moun Izrayèl yo te gen de mwa depi yo te soti kite peyi Lejip la. Premye jou twazyèm mwa a, yo rive nan dezè Sinayi a.
Deuteronomy 33:16L'a fè tè yo a bay tout kalite bon rekòt. Bondye ki te pale nan touf raje a va ba yo favè l'. Se pou tout benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf, paske nan tout pitit papa li yo, se li menm yo te chwazi.
Psalms 66:12Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.