Colossians 3:2
Pa kite bagay ki sou latè pran tèt nou, mete lide nou sou bagay ki anwo nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
Set your affection on things above, not on things on the earth.
In Context
3Konnen sa byen: nou mouri deja, lavi nou kache ansanm ak Kris la nan Bondye.
Cross References
1 Chronicles 22:19Koulye a, se pou nou pran desizyon chache fè volonte Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. Pare kò nou pou nou bati tanp Seyè a, Bondye nou an, pou nou ka mete Bwat Kontra Seyè a ak tout lòt bagay yo mete apa pou fè sèvis Seyè a ladan l'.
Psalms 49:11(049:12) Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo.
Psalms 91:14Bondye di: M'ap sove moun ki renmen mwen, m'ap pwoteje moun ki konnen mwen.
Proverbs 23:5Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale.
Matthew 6:19Pa anpile richès nou isit sou latè, kote vè ak lawouj ap manje yo, kote vòlè kapab vòlè yo pote ale.
Luke 12:15Apre sa, li di yo tout: Fè atansyon. Veye kò nou pou lajan pa pran tèt nou. Paske, se pa anpil byen ki garanti lavi yon nonm, li te mèt rich kont kò li.