Daniel 9:12
Ou te fè tou sa ou te di w'ap fè nou ansanm ak chèf ki t'ap gouvènen nou yo. Ou voye yon sèl malè sou lavil Jerizalèm, malè ki patko janm rive sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 3:9Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m' ka gouvènen pèp ou a san patipri, pou m' konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fè pou m' gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l'?
Job 12:17Li fè moun k'ap bay konsèy yo pèdi tèt yo. Li fè chèf yo aji tankou moun fou.
Psalms 82:2Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?
Proverbs 8:16Se mwen menm ki bay tout chèf yo tèt pou yo kòmande. Se mwen menm ki fè sa tou pou tout lòt chèf yo ansanm ak tout lòt moun k'ap dirije lèzòm.
Isaiah 44:26Men lè sèvitè m' pale, mwen ba l' rezon. Lè mesaje m' yo bay yon pawòl, mwen fè l' rive vre. Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò. Yo pral rebati lavil peyi Jida yo. Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò.
Jeremiah 39:16-Al pale ak Ebèdmelèk, moun peyi Letiopi a. W'a di li men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral fè tou sa mwen te di ki gen pou rive a rive vre. Se va pou malè lavil la, se p'ap pou byen li. Lè sa a, w'a la pou wè tout bagay.