Ecclesiastes 8:9
Mwen wè tou sa, lè m' t'ap kalkile sou sa k'ap pase sou latè. Moun ap dominen sou moun pou fè yo soufri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:28Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dèyè moun pèp Izrayèl yo nan lanmè a. Pa gen yonn ki chape.
2 Kings 14:10Se pou m' di ou, Amasya, ou kraze moun peyi Edon yo. Koulye a, ou santi ou gwonèg anpil. M' byen kontan pou ou. Gonfle lestonmak ou jan ou kapab, men rete sou sa ou fè a. Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou pou sa pase mal ni pou ou ni pou peyi Jida a?
Ecclesiastes 1:14Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen.
Ecclesiastes 4:7Mwen wè yon lòt bagay nan lavi a ki pa vo anyen ankò.
Ecclesiastes 5:8Ou pa bezwen sezi lè ou wè nan yon peyi, chèf ap peze pòv malere. Yo refize rann yo jistis, yo derefize defann dwa inonsan yo. Chak chèf gen yon gwo chèf dèyè l'. Lèfini yo tou de gen yon pi gwo chèf ankò dèyè yo.
Ecclesiastes 7:25Men, mwen pran san m' pou m' chache konnen, pou m' egzaminen tout bagay. Mwen te soti pou m' te konprann, pou m' te jwenn repons pou tout keksyon mwen t'ap poze tèt mwen, pou m' te rive konnen jan moun mechan yo pèdi tèt yo, jan moun sòt yo egare.