Ezekiel 16:24
sou tout rebò granchemen yo, ou bati tanp pou sèvi zidòl ou yo, pou fè metye jennès ou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Seyè sèl Mèt la di ankò: -Madichon, madichon pou ou! Lè ou fin fè tout mechanste sa yo,
Cross References
1 Kings 14:23Yo menm tou, yo bati kay pou fè sèvis pou zidòl, yo fè gwo moniman wòch ak estati pou Astate sou tèt mòn anba gwo pyebwa.
2 Kings 23:5Li revoke tout prèt ansyen wa peyi Jida yo te nonmen pou fè sèvis sou lotèl zidòl yo nan lavil peyi Jida yo ak nan zòn Jerizalèm, tout prèt ki t'ap fè sèvis pou Baal, pou solèy, pou lalin, pou douz gwoup zetwal yo ak pou tout lòt zetwal yo.
2 Chronicles 21:11Li te menm rive fè bati tanp pou sèvi zidòl nan mòn peyi Jida yo. Li lakòz moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye. Li fè peyi Jida a pèdi wout li.
2 Chronicles 33:3Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze yo. Li bati lotèl pou Baal, li fè yon estati Achera. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.
Isaiah 57:5N'ap fè sèvis pou zidòl nan jaden nou. Nou kouche ak fanm anba pye bwadchenn, anba tout raje. Nou bay timoun nou pou yo touye pou zidòl yo nan twou wòch nan bafon yo.
Jeremiah 2:20Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m' ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Seyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.