Ezekiel 30:13
Seyè sèl Mèt la di ankò: Mwen pral detwi tout zidòl yo, m'ap disparèt tout fo bondye ki lavil Menmfis yo. p'ap gen pesonn pou gouvènen peyi Lejip la. M'ap fè tout moun nan peyi a pran tranble tèlman y'ap pè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 19:1Men mesaj Bondye bay sou peyi Lejip la: -Seyè a chita sou yon nwaj k'ap kouri desann bò peyi Lejip la. Zidòl Lejip yo tranble devan l'. Moun peyi Lejip yo gen kè kase.
Jeremiah 10:11Nou menm, moun pèp Izrayèl yo, n'a di moun lòt nasyon yo konsa: Tout bondye sa yo ki pa t' fè syèl la ak latè a pral disparèt sou latè, yo yonn p'ap rete anba syèl la.
Jeremiah 43:13L'ap kraze tout gwo moniman wòch lavil Eliopolis nan peyi Lejip, l'ap boule tout kay zidòl peyi Lejip yo.
Jeremiah 46:14-Fè piblikasyon nan tout peyi Lejip la. Fè tout moun lavil Migdòl, lavil Menmfis ak lavil Tapanès konnen. Di yo: Leve non, pare pou defann nou. Lagè fin detwi tou sa ki bò kote nou.
Jeremiah 46:25Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Mwen pral pini Amon, bondye lavil Tèb la. Mwen pral pini farawon an, pèp peyi Lejip la, ak tout chèf li yo ak tout bondye l' yo. Wi, mwen pral pini farawon an ansanm ak tout moun ki te mete konfyans yo nan li.
Hosea 9:6Men malè tonbe sou yo, yo leve, yo pati. Moun peyi Lejip yo ap ranmase yo, y'ap antere yo nan lavil Menmfis. Raje pral pouse tout kote yo te konn mete richès yo. Pikan pral anvayi tout kote yo te moute kay yo.