Genesis 8:22
Toutotan latè a la, va gen yon lè pou plante, yon lè pou rekòlte, va gen sezon fredi ak sezon chalè, va gen sezon sèk, ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit. Wi, toutotan latè a la, bagay sa yo p'ap janm sispann.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 34:21W'a travay sis jou. Men setyèm jou a, se pou ou sispann travay, te mèt nan sezon plante osinon nan sezon rekòt.
Song of Solomon 2:11Gade! Sezon fredi pase, lapli sispann tonbe.
Jeremiah 5:24Sa pa janm vin nan lide yo pou yo di: Annou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, li menm ki voye lapli lè pou n' gen lapli, ki ban nou sezon rekòt nou chak lanne.
Jeremiah 33:20-Mwen pase yon kontra ak lajounen, yon kontra ak lannwit pou yo toujou rive lè pou yo rive a. Eske nou ka kraze kontra sa yo? Non.
James 5:7Se poutèt sa, frè m' yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l' rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an.