Hebrews 4:9
Jan sa ye a, gen yon repo ankò pou pèp Bondye a, yon repo tankou repo Bondye te pran setyèm jou a.
Bib La
In The King James Version
There remaineth therefore a rest to the people of God.
In Context
Cross References
Psalms 47:9(047:10) Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L'ap dominen sou tout bagay.
Isaiah 57:2Moun ki t'ap mache dwat yo ale kote yo jwenn kè poze, yo kouche nan tonm yo.
Matthew 1:21Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo.
Hebrews 3:11Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.
Hebrews 4:3Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou pral antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Se kote sa a li t'ap pale, lè li te di: Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an. Bondye te pale konsa, men li menm, li te fin fè travay li depi lè li t'ap kreye lemonn.
1 Peter 2:10Anvan sa, nou pa t' menm yon nasyon. Men koulye a, nou se pèp Bondye a. Anvan sa, Bondye pa t' gen pitye pou nou. Koulye a, li gen pitye pou nou.