Hebrews 5:4
Pesonn pa ka bay tèt li grad granprèt la. Se Bondye sèlman ki ka rele yon moun nan plas sa a, jan sa te fèt pou Arawon.
Bib La
In The King James Version
And no man taketh this honour unto himself, but he that is called of God, as was Aaron.
In Context
Cross References
Leviticus 8:2-Pran Arawon ak pitit gason l' yo ansanm avè ou. W'a pote rad seremoni yo, lwil pou mete moun osinon bèt apa pou Bondye a, towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la, de belye mouton yo ak panyen pen san ledven yo tou.
Numbers 16:5-Denmen maten, Seyè a va fè nou konnen ki moun ki pou li, ki moun li mete apa pou l' ak ki moun ki gen dwa pwoche bò kote l'. Moun la kite pwoche bò kote l' la, n'a konnen se moun sa a Bondye chwazi.
Numbers 16:10Ou menm Kore ak tout frè ou yo, pitit Levi yo, li ban nou dwa pou nou pwoche bò kote l'. Epi koulye a, n'ap mande pou yo ban nou plas prèt yo!
Numbers 16:40pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
Numbers 17:3W'a ekri non Arawon sou branch bwa Levi a. Va gen yon sèl branch bwa pou chak moun ki chèf nan branch fanmi pa l'.
Numbers 18:7Men, se ou menm sèl ak pitit gason ou yo ki pou fè travay prèt yo bò lotèl la ak dèyè rido a. Sa se travay pa nou sa. Mwen ban nou pouvwa pou nou sèvi m' prèt. Se yon kado mwen fè nou. Se pou yo touye nenpòt lòt moun ki va pwoche bò bagay yo mete apa pou mwen yo.