Hebrews 8:11
Pesonn p'ap bezwen moutre yon lòt moun anyen nan peyi a. Pesonn p'ap bezwen di yon lòt nan peyi a: Manyè chache konn Bondye. Paske, yo tout y'a konnen m', depi sa ki tou piti a jouk sa ki pi gran an.
Bib La
In The King James Version
In Context
12M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò.
Cross References
1 Chronicles 28:9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
Ezra 7:25Ou menm menm, Esdras, avèk bon konprann Bondye ba ou a, w'a chwazi majistra ak jij pou gouvènen tout moun pèp Izrayèl yo k'ap viv dapre lalwa Bondye ou la, nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Si genyen ki pa konnen lalwa a, se pou ou fè yo aprann li.
Isaiah 54:13Se Seyè a menm ki pral moutre pitit ou yo tout bagay. Yo pral viv alèz ak kè poze.
Jeremiah 24:7M'ap ba yo konprann pou yo sa konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè sa a, y'a yon pèp pou mwen, mwen menm m'a Bondye yo, paske y'ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo.
Jeremiah 42:1Lè sa a, tout chèf lame yo ansanm ak Jokanan, pitit Kareja a, ak Jezanya, pitit Ochaya a ak tout moun yo, gran kou piti, y' al bò kot pwofèt Jeremi,
Jeremiah 44:12M'ap pran rès moun Jida yo, sa ki te pran desizyon desann al viv nan peyi Lejip la, yo tout pral mouri. Yo tout, gran kou piti, y'ap mouri nan peyi Lejip. Genyen k'ap mouri nan lagè, genyen k'ap mouri grangou. Moun va sezi wè yo, y'a vire tèt yo pou yo pa gade yo, y'a sèvi ak non yo pou bay madichon, y'a pase yo nan betiz.