Hosea 13:1
Nan tan lontan, lè moun Efrayim yo te pale, tout moun te pran tranble. Yo te rive chèf sou tout lòt branch fanmi Izrayèl la. Men, y' al fè sa ki mal. Y' al adore Baal. Se poutèt sa yo pèdi pye.
Bib La
In The King James Version
When Ephraim spake trembling, he exalted himself in Israel; but when he offended in Baal, he died.
In Context
Cross References
Genesis 2:17Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l', w'ap mouri.
Numbers 10:22Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Efrayim lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Efrayim lan, se Elichama, pitit gason Amiyou a, ki t'ap mache.
Numbers 13:16Se te non douz mesye Moyiz te voye al rekonèt peyi Kanaran an. Moyiz te chanje non Oze, pitit gason Noun lan, li rele l' Jozye.
Joshua 3:7Seyè a di Jozye konsa: -Sa mwen pral fè jòdi a pral fè tout pèp Izrayèl la respekte ou tankou yon grannèg. Yo pral konnen mwen kanpe la avè ou menm jan mwen te kanpe avèk Moyiz.
Judges 12:1Lè sa a, moun branch fanmi Efrayim yo reyini ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden, y' al lavil Zafon. Yo di Jefte konsa: -Poukisa ou travèse al goumen ak moun Amon yo san ou pa rele nou ale avè ou? Se poutèt sa, nou pral boule kay ou a sou ou.
1 Kings 12:25Jewoboram ranfòse miray ranpa lavil Sichèm nan mòn peyi Efrayim. Se la l' al rete pou yon tan. Apre sa, li kite Sichèm, l' al ranfòse miray ranpa lavil Penwèl.