The Bible Software
bible.software › Hosea › Hosea 2 › Hosea 2:13

Hosea 2:13

Mwen pral pini l' pou tout tan li te bliye m' lan, lè li t'ap boule lansan devan Baal yo, lè li t'ap mete zanno ak kolye pou l' te ka kouri dèyè nonm li yo. Se Seyè a menm ki di sa.

Bib La

In The King James Version

And I will visit upon her the days of Baalim, wherein she burned incense to them, and she decked herself with her earrings and her jewels, and she went after her lovers, and forgat me, saith the LORD.

In Context

12Kanta jaden rezen ak pye fig frans li yo, li di se nonm li yo ki te ba li yo. Enben, m'ap ravaje sa. M'ap fè yo tounen raje, bèt nan bwa va devore yo.

14Se poutèt sa, mwen pral mennen l' nan dezè a ankò. Mwen pral pale dous avè l', pou l' ka tounen vin jwenn mwen.

Read all of Hosea 2

Cross References

Exodus 32:34Koulye a, ou mèt ale. W'a mennen pèp la kote mwen te di ou mennen yo a. Chonje byen. Zanj mwen an ap mache devan ou. Men, lè jou a va rive pou m' vin fè regleman ak yo a, m'ap pini yo pou peche yo.

Deuteronomy 8:11Veye kò nou pou nou pa janm bliye Seyè a, Bondye nou an, pou nou pa janm neglije kòmandman, lòd ak prensip m'ap ban nou jòdi a.

Judges 2:11Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Y' al sèvi Baal yo.

Judges 10:6Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l'.

1 Kings 16:31Non sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l' ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l' al met ajenou devan li.

2 Kings 1:2Okozyas, wa peyi Izrayèl la, pran yon so, li soti nan balkon lakay li, li tonbe sou twati palè li lavil Samari. Li fraktire nan tout kò l'. Li voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye moun Filisti yo ki te gen tanp li lavil Ekwon, pou konnen si l'ap refè.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Hosea 2:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hosea 2:12Hosea 2Hosea 2:14 →