Hosea 4:9
Sa k'ap rive pèp la, se sa k'ap rive nou tou, nou menm prèt yo. M'ap regle nou pou tout move mès nou yo. M'ap fè nou peye tou sa nou fè ki mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 109:17Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon.
Proverbs 11:31Gade! Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latè. Men, nou pa bezwen mande si moun k'ap fè mechanste ak moun k'ap viv nan peche p'ap jwenn ak pa yo tou!
Isaiah 9:14Yon sèl jou a, Seyè a ap koupe ni tèt pèp Izrayèl la ni ke l'. L'ap pini tout chèf pèp la, gwo kou piti.
Jeremiah 5:31Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?
Jeremiah 23:11Seyè a di ankò: -Pwofèt yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye. Mwen bare yo ap fè sa ki mal nan Tanp lan menm.
Ezekiel 44:10Seyè a di m' ankò: Lè moun pèp Izrayèl yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi zidòl yo, moun Levi yo te mete tèt yo ansanm ak pèp la. Se poutèt sa mwen pral pini yo pou sa yo fè a.