Isaiah 26:18
Li nan lapenn, l'ap tòde anba doulè. Men, lè pou l' akouche, li pa fè anyen. Konsa tou, nou te nan lapenn, men, peyi a pa rive sove. Moun ki pou rete nan peyi a pa rive fèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 5:22Lè sa a, Moyiz tounen al jwenn Seyè a ankò, li di l': -Seyè, poukisa w'ap maltrete pèp la konsa? Poukisa ou te voye m'?
1 Samuel 11:13Men, Sayil di yo konsa: -Nou p'ap touye pesonn jòdi a. Paske jòdi a se jou Seyè a delivre pèp Izrayèl la.
2 Kings 19:3Men mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi: —Jodi a se jou malè pou nou! Bondye ap peni nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki deja kase lèzo, men ki pa gen fòs pou li pouse pitit la soti.
Isaiah 33:11N'ap fè yon bann lide nan tèt nou ki pa vo anyen. Se nou menm ankò k'ap touye tèt nou.
Isaiah 59:4Lè n' al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè.
John 7:7Moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn pa ka rayi nou. Men, mwen menm yo rayi m' paske mwen di sa y'ap fè a pa bon.