Isaiah 28:5
Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a pral tankou yon bèl kouwòn flè pou rès moun ki pa mouri yo, yon bèl kouwòn dyaman pou sa ki chape yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 90:16Fè moun k'ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa.
Isaiah 11:16L'ap louvri yon gran chemen soti peyi Lasiri pou rès pèp li a k'ap viv laba a, menm jan li te fè l' pou pèp Izrayèl la jou yo t'ap soti kite Lejip la.
Isaiah 41:16Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Seyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Isaiah 60:1Leve kanpe! Ou pral klere tankou solèy. Pouvwa Seyè a pral klere sou ou.
Isaiah 62:3W'a tankou yon bèl kouwòn nan men Seyè a, tankou yon bèl foula nan men Bondye ou la.
Zechariah 6:13Se li menm ki pral rebati kay ki apa pou Seyè a. Yo pral konsidere l' tankou yon wa. Li pral chita sou fòtèy la pou l' gouvènen pèp mwen an. Va gen yon prèt bò kote l'. Y'a travay ansanm ak kè poze.