The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 29 › Isaiah 29:22

Isaiah 29:22

Se poutèt sa, koulye a, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki te delivre Abraram lan, di: Moun Jakòb yo p'ap janm wont ankò. Figi yo p'ap dekonpoze ankò.

Bib La

In The King James Version

Therefore thus saith the LORD, who redeemed Abraham, concerning the house of Jacob, Jacob shall not now be ashamed, neither shall his face now wax pale.

In Context

21moun k'ap fè inonsan peye pou koupab, moun k'ap antrave travay jij yo nan tribinal, moun k'ap bay manti pou moun serye pa jwenn jistis.

23Lè y'a wè pitit mwen menm m'ap ba yo nan kò kay yo, y'a rekonèt se yon Bondye apa mwen ye. Y'a rekonèt Bondye fanmi Jakòb la se yon Bondye apa. Y'a respekte m', y'a genyen m' krentif.

Read all of Isaiah 29

Cross References

Joshua 24:2Jozye di pèp la konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l' yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye.

Isaiah 41:8Men, nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m' yo! nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a! Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an!

Isaiah 44:21Seyè a di: -Nou menm fanmi Jakòb yo, chonje bagay sa yo byen! Nou menm pèp Izrayèl, chonje se sèvitè m' nou ye. Se mwen menm ki te fè nou pou nou te ka sèvi m'. Mwen p'ap janm bliye nou!

Isaiah 45:25Men, gremesi Seyè a, moun ras Izrayèl yo pral kanpe ankò. Yo pral fè lwanj mwen.

Isaiah 49:7Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, l'ap pale ak pèp tout moun ap meprize a, pèp nasyon yo pa vle wè a, pèp ki esklav chèf k'ap gouvènen yo a. Li di yo: Wa va leve kanpe lè y'a wè ou. Chèf va ajenou devan ou. Y'a fè sa poutèt Seyè a k'ap toujou kenbe pawòl li, poutèt Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi ou.

Isaiah 51:11Moun Seyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an avèk chante nan bouch yo, ak yon kontantman nan tout figi yo, yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn, p'ap gen plenyen ankò. Se va kè kontan ak fèt pou tout tan.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 29:22

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 29:21Isaiah 29Isaiah 29:23 →