Isaiah 59:1
Non! Se pa paske Seyè a manke fòs kifè li pa vin delivre nou. Se pa paske li soudè kifè li pa tande lè n'ap lapriyè nan pye l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 11:23Seyè a di Moyiz: -Pa gen bagay mwen vle fè mwen pa ka fè! Talè konsa w'a wè si sa m' di a p'ap rive vre.
1 Samuel 8:18Jou sa a, n'a rele anmwe pou wa nou an, wa nou menm n' ava chwazi a. Men lè sa a, Seyè a p'ap okipe nou.
Isaiah 6:10Fè lespri pèp la vin lou! Bouche zòrèy yo! Mare je yo! Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè, yo p'ap ka konprann. Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo.
Isaiah 50:2Poukisa, atò, lè mwen vin delivre nou an, pa gen pesonn ki vini jwenn mwen? Poukisa, lè m' rele nou, pesonn pa reponn? Eske se fòs mwen pa gen fòs ase pou m' delivre nou? Eske ponyèt mwen twò fèb pou m' sove nou? Se konnen nou pa konnen mwen annik louvri bouch mwen epi tout dlo lanmè cheche, tout larivyè tounen ravin chèch, tout pwason mouri paske yo pa jwenn dlo. Y'ap pouri.
Isaiah 63:1Kilès sa a k'ap vini sot lavil Bozra nan peyi Edon an, ak yon rad tou wouj sou li a? L'ap mache byen bwòdè ak bèl rad li sou li. L'ap mache tèt li byen wo, l'ap pile tè a byen fò. Se mwen menm, Seyè a, ki gen pouvwa pou delivre moun lan, k'ap pale sou koze delivrans lan.
Jeremiah 32:17-Aa, Seyè, Bondye! Se avèk fòs kouraj ou, se avèk gwo pouvwa ou ou te fè syèl la ak latè a. Anyen pa twò difisil pou ou.