James 5:3
Lò nou ak lajan nou yo fin wouye. Lawouj la pral kanpe pou kondannen nou, li va devore vyann nou tankou dife. Nou te ranmase kont lajan nou nan dènye tan sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo.
Cross References
Genesis 31:48Laban di: -Pil wòch sa a va sèvi pou fè nou tout de toujou chonje kontra a. Se poutèt sa yo rele kote sa a Galèd.
Genesis 49:1Jakòb fè rele pitit gason l' yo, li di yo: -Sanble non. M'ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo.
Joshua 24:27Epi Jozye di pèp la konsa: -Nou wè wòch sa a! Enben, l'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje paske li te tande tout pawòl Seyè a te di nou. L'ap sèvi yon mak pou l' fè nou chonje pou nou pa janm vire do bay Bondye nou an!
Job 16:8Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'.
Jeremiah 19:9Lè lènmi yo, moun ki soti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt.
Micah 4:1Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote tanp lan ye a va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti an kantite toupatou vin sou li.